Isit Etazini, pètèt plis ke nan lòt peyi, moun itilize fòm abreje souvan pou yo pale. Lè yon moun di “Do that A.S.A.P” ou konnen A.S.A.P a vle di “As Soon As Possible” (vit e prese!). Gen yon tandans menm jan an ki eksploze nèt ale sou Entènèt la.
Jodi a, Paj Syans-ak-Teknoloji a antre avèk nou nan salon diskisyon sou Entènèt la, sa anglè a rele Chat Rooms. Se yon seri “club” entènot ki rasanble pou yo swa diskite sou yon tèm byen detèmine, swa pale san okenn tèm presi, kebekwa-a ta di klavade, ki vle di bavade sou klavye. Nan salon sa yo n’ap dekouvri ou re-dekouvri sa nou rele lingo chat room yo, jagon kliyantèl la. Si ou abitye tchat, ou konnen sa map pale a. Mwen envite Jacques Jean-Baptiste ("Pè Janbon" pou nou bò isit la) pou nou koze sou fenomèn sila a. Si ou tcheke lyen ki nan tèt tèks sa a w’ap tande tout repòtaj la.