Accessibility links

Breaking News

Yon Ansyen Vis-Prezidan Irakyen Tonbe Anba Men Kowalisyon an Nan Peyi Irak - 2003-08-19


Lame amerikèn fè konnen konbatan Kurd Irakyen ki alye ak Etazini arete ansyen Vis-Prezidan Taha Yassin Ramadan yè lendi a, epi yo remèt msye bay militè ameriken yo ann Irak.

Anvan sa, kèk gwo dirijan nan Inyon Patriyotik Kurdistan an (IPK) te di jounalis yo konbatan gwoup la te mete men sou M. Ramadan nan vil Mosul. Apre sa, yo te transfere li nan Sulaimaniya.

Ansyen Vis-Prezidan Irakyen an se nimewo 20 sou lis 55 manm rejim dechouke Saddam Hussein nan ke gouvènman ameriken an plis ap chache.

XS
SM
MD
LG