Accessibility links

Breaking News

Omwen 15 Moun Mouri Nan Eksplozyon Yon Bonm Nan Lokal Nasyonzini an Nan Baghdad - 2003-08-19


Yon kokenn eksplozyon fèt nan mitan jounen madi 19 out la nan lokal Nasyonzini an nan Baghdad. Yon gro pati nan building nan sòt tonbe. Omwen 15 moun mouri, e pami yo gen pi gwo anplwaye L’ONU nan Irak la, Anbasadè Sergio Vieira de Mello. Elikoptè militè ameriken te prese rive sou sèn nan pou yo patisipe nan efò sekou yo e mennen blese yo lopital. Temwen te wè gro flanm tou nwa nan syèl la, nan zòn kote eksplozyon an fèt la.

Lame amerikèn nan konfime ke se yon eksplozyon ak machin pyeje ki fè dega nan lokal L’ONU an.

Imedyatman apre atanta a, laprès pat konnen egzakteman konbe moun ki te andedan building nan, sepandan genyen ant 200 a 300 irakyen ak etranje ki travay nan lokal la. Prezidan George W. Bush kondane atak la e li fè konnen sa pap anpeche Lèzetazini kontinye efò l’ap fè pou desitire sa li rele lènmi Irak, lènmi pèp irakyen an, e lènmi mond sivilize a.

XS
SM
MD
LG