Yon delegasyon òmdafè ameriken ki te gen nan tèt li Charles Steel, Senatè Alabama, mete fen dimanch 17 out la nan yon vizit li t’ap fè nan vil Kap-Ayisyen. Dapre korespondan nou Yves Mompremier, vizit sa a bay espwa ke Ameriken yo va retounen vin envesti e kreye travay nan Depatman Nò a. Dayè gen pwomès ki fèt nan sans sa a.