Sòlda ameriken toupre vil Baghdad fizye yon kameraman ajans nouvèl Reuters ki t’ap filme devan yon prizon nan peyi Irak, lendi 18 out la. Yo te kwè msye se te yon geriyewo ki t’ap pare pou li lanse yon grenad ak wokèt sou yo, dapre deklarasyon kèk gwo responsab nan lame amerikèn.
Ensidan an rive bò prizon Abu Ghraib la, kote yon atak ak mòtye te pran lavi 6 prizonye irakyen e blese plizyè douzèn lòt, yon jou anvan sa. Yon gwoup jounalis ---pami yo te gen Msye Dana--- t’ale nan prizon an pou yo te fè yon repòtaj sou atak la. Dapre yon kòlèg Mazen Dana, militè yo te byen konnen yo te bò lokal la e ki sa yo t’ap fè paske yon sòlda te bay pèmisyon pou laprès filme prizon an. Dirijan lame yo ap mennen yon ankèt sou ensidan an.
Yon lòt kote, lame amerikèn fè konnen gen efò k'ap fèt pou repare pi gwo tiyo ki transpòte petwòl irakyen ki sèvi pou ekspòtasyon e ke yon dife te detwi. Prensipal administratè ameriken an nan Irak, Paul Bremer, di dega ki fèt nan tiyo petwòl la pral koute peyi Irak 7 milyon dola pa jou, alòske se yon peyi kote ekonomi an te deja ap fè fas ak gwo pwoblèm. 2 dife ki te pete nan manman tiyo a byen ta semèn pase a te kontinye boule dimanch tou pre vil Baiji. Daprè otorite militè ameriken yo, gen youn nan dife sa yo ki sanble ak zak sabotaj. pandansetan yon bonm ekzploze nan yon gwo tiyo ki sèvi pou pote dlo nan kapital la, Baghdad, e sa lakoz anpil zòn nan vil la rete san dlo. Lame amerikèn fè konnen atak sa a tou sanble ak zak sabotaj.