Accessibility links

Breaking News

Reporters Sans Frontières Kondane Lanmò Jounalis Reuters la - 2003-08-18


Metye jounalis se yon metye ki chaj’ ak danje. Men nan sitiyasyon tankou peyi Irak, oubyen Afghanistan, ou ankò nan MwayennOryan an, danje a miltipliye. Malgre tou, divès sektè kap defann dwa jounalis kritike ajisman militè ki touye Mazen Dana, 41 an, yon kameramann REUTERS, ki pèdi lavi li bèt lendi 18 Out 2003-a, nan lakou prizon Abu Ghraib, nan peyi Irak. Séverine Cazes se responsab seksyon “Proche-Orient” nan “Reporters Sans Frontières”, nan vil Pari, nan peyi Lafrans. Li reponn kesyon nou sou ensidan sa a, epi li bay opinyon li sou ankèt Pentagòn nan mennen sou lòt ensidan ki te rive deja nan peyi Irak, pa egzanp lè yon tank te tire sou otèl Palestin, nan Baghdad, nan dat 8 avril 2003 a.

XS
SM
MD
LG