Nan peyi dAyiti, lidè opozisyon an rete fèm sou poziyon yo pran kont eleksyon rejim Lavalas la ta vle òganize nan peyi a paske, dapre yo, eleksyon onèt e demokratik pa posib avèk rejim sila a. Youn nan lidè sa yo te pale nan mikwo korespondan nou nan Mirebalais, Jean Christophe Collègue.