Accessibility links

Breaking News

Relijyon: Radio Echo Evangélique Ap Fete 20 An Egzistans Nan Boston - 2003-08-14


Yon pwogram radyo evanjelik ayisyen sot’ fete ventyèm anivèsè li nan Boston (eta Massachusetts). Nan Paj Relijyon an, nou pral dekouvri pwogram sila a ak gid nou Jonel Dalexis.

Msye Dalexis se yon ansyen jounalis Radio Lumière nan peyi d Ayiti. Se li ki te lanse pwogram “Echo Evangélique” nan Boston nan lane 1983. Nan yon milye kote li pa toujou fasil pou yon moun plante yon emisyon radyo oubyen televizyon, sitou akòz feblès ekonomik kominote imigran ayisyen yo, yon inisyativ konsa, ki travèse 2 dizèn lane, merite pou nou panche sou li. Jonel Dalexis di nou pou travay sa a te vin posib, li te bezwen plis pase entèlijans ak mwayen materyèl. Li te bezwen sekou Gran-Mèt la.

Pou msye Dalexis te ka mete pwogram “Echo Evangélique” sou pye e kenbe l’ pandan 20 dènye ane yo, li te benefisye konkou yon staff pwofesyonèl, ki fè karyè nan Radio Lumière oubyen nan lòt medya.

Echo Evangélique ki te kòmanse kòm yon pwogram limite, pran ekstansyon pandan ane ki pase yo e responsab yo gen vizyon pou yo mete li aladispozisyon piblik Massachusetts la sou Entènèt e menm gen yon estasyon radyo ki va rele yo chè mèt chè mètrès. Nou va di plis sou pwojè sa yo nan yon lòt segman Paj Relijyon an.

XS
SM
MD
LG