Accessibility links

Breaking News

Repiblik Dominikèn Deside Voye Sòlda nan Peyi Irak - 2003-08-12


Repiblik Dominikèn fè konnen gouvènman prezidan Hipolito Mejia a deside voye solda dominiken al’ patisipe nan fòs entènasyonal ki ap travay pou rekonstwi peyi Irak la. Yon santèn sòlda deja kite Dominikani pou y’al nan peyi Irak. Yo pral pote kole ak lòt militè ki soti nan rejyon Amerik ak Karayib la pou y’al kote jèfò Etazini ak Lagrand Bretay deja ap deplwaye pou rebati Irak, apre lagè ki te dechouke rejim Saddam Hussein nan.

XS
SM
MD
LG