Nan rejyon Nò Ayiti, paran kandida ki t’ale nan egzamen bakaloreya yo fè vwa yo fè yon sèl ak korektè nan Depatman an pou ekprime kolè yo devan gwo echèk yo anrejistre nan rezilta premye sesyon bak 2003 a. Yves Mompremier te tande doleyans plizyè paran ak korektè, ki denonse sa yo rele “neglijans” responsab edikasyon nasyonal nan Nò yo, poutèt koreksyon final la te fèt nan kapital la olye de Kap-Ayisyen.