Nominasyon epi eleksyon Gene Robinson, omoseksyèl deklare, kòm evèk eta New Hampshire pou Legliz Episkopal, soulve reyaksyon tout kalte, non sèlman pami kretyen ameriken yo, men tou manm konfesyon anglikàn nan atravè lemond. Manm klèje a ann Afrik e ann Azi denonse desizyon an. Nan Amerik Latin nan, an jeneral, opinyon yo kont. Gen obsèvatè ki di avèk vòt 5 Out 2003 a, 77-milyon anglikan nan mond la retwouve yo nan yon kalfou danjere. Achevèk Canterbury a, Rowan Williams, ki se lidè spirityèl anglikan yo, avèti: desiyon an ka gen move konsekans. Gen moun ki predi yon “schisme”, yon divizyon, yon separasyon, nan kominyon anglikàn mondyal la.
Reveran David Anderson, Prezidan Konsèy Anglikan Ameriken an deklare, “(tankou Titanik) nou frape Iceberg la, e nou pral kòmanse wè bato a kraze, li pra fann fè plizyè bout.”
Poutan, Monsenyè Robinson, ki te parèt devan kamera jounalis yo bò kote nèg ki plase avèk li depi 13 an an, kalifye vòt la tankou yon viktwa pou gason-makòmè ak lezbyèn yo, olye pou li ta yon okazyon divizyon nan sen legliz episkopal.
Evèk Robinson di la a, “palefèt ke nou genyen yon moun ki ouvètman gason-makòmè oubyen lezbyèn nan Chanm Evèk yo, senbolikman sa voye yon mesaj bay Legliz Episkopal sou akèy favorab moun ki gen oryantasyon seksyèl sa a kapab espere jwenn nan legliz la. Lè legliz nou an pa tonbe, lè evèk ki omoseksyèl la antre, sa rann moun pi kal konsènan prezans omoseksyèl nan leadership òganizasyon an.”
Sepandan, malgre eleksyon an, kote Gene Robinson te jwenn yon majorite klè nan Cham Evèk yo, dirijan anglikan nan anpil peyi, sitou nan nasyon ki poko devlope yo ak sosyete pi konsèvatè yo, pat mete dlo nan bouch yo pou yo kritike wout legliz episkopal pran la a.
Nou mande yon prèt katolik ayisyen, Fritz Bazin, opinyon ni sou kontwovès sila a.
Pè Fritz Bazin, ki se kire legliz St-Paul et Les Martyrs d’Haïti, nan Miami, Florid, fè konnen si li te delege nan konvansyon an, li t’ap vote kont Robinson, men li kwè vòt la deja fèt e episkopalyen yo ta dwe rete sou chemen inite ki toujou karakterize legliz la.
Se pa premye fwa anglikan yo fè fas ak yon dosye kote yo deside plis selon evolisyon epòk la pase ansèyman tradisyonèl Labib. Sa gen kèk ane, Legliz Episkopal te aksepte tout moun kòm manm, ak menm privilèj, menmsi yo se omoseksyèl oubyen lezbyèn. Sepandan, eli yon omoseksyèl deklare kòm evèk pwovoke yon deba ki sanble poko prèt pou l’fini. Paj Relijyon ap suiv. Na tounen sou dosye a.