Otorite ayisyen yo pral mande konpayi avyon American Airlines eksplikasyon sou rezon ki fè yo te aksepte yon gwoup ekspè ameriken vwayaje ak yon malèt zam sofistike san otorizasyon. Korespondan nou Rotchild François Junior di nou reyaksyon sa a fèt malgre otorite ameriken yo kalifye kòm yon erè administratif ensidan ki te rive nan ayewopò Toussaint Louverture la, nan Pòtoprens, semèn pase a.