Reprezantan Òganizasyon Eta Ameriken yo an Ayiti, David Lee, deklare eleksyon pa kapab dewoule nan peyi a si pa gen yon enstitisyon elektoral ki merite konfyans, dapre sa k’ ekri nan rezolisyon 822 l’OEA te adopte sou Ayiti a. Korespondan nou Rotchild François Jr di nou Msye Lee fè deklarasyon sa a nan moman patizan pouvwa a ap mande eleksyon pou evite yon vid nan enstitisyon yo.