Yon responsab nan Pati Fanmi Lavalas la, kidonk pati ki sou pouvwa a nan peyi dAyiti, kite fòmasyon politik sa a e li rann Lavalas responsab pou zak kraze brize ki te fèt nan yon mache kapital la. Korespondan nou nan Pòtoprens Jean Max Blanc di nou youn nan akize yo rejte deklarasyon ansyen manm Fanmi Lavalas la.