Accessibility links

Breaking News

Kouman Panyòl Ozetazini Sèvi ak Enfòmatik - 2003-07-29


Isit Ozetazini, popilasyon ki pale panyòl la gwo anpil. Anvan lontan, se pral pi gwo minorite nan peyi a. Sepandan, nan domèn teknoloji ak edikasyon avanse, segman demografik sa a pa mache opa ak rès sosyete a.

Kèk edikatè ak gwo non nan domèn “haute technologie” pa vle rete bra kwaze devan sitiyayson sa a. Konsa, etidyan, paran, pwofesè, lidè kominotè ak reprezantan konpayi elektwonik te rasanble sa pa gen lontan nan yon lekòl leta, nan vil New York, pou TECHNOFERIA, yon “foire” teknolojik ki pèmèt ispanofòn yo fè pratik sou òdinatè, aprann kichòy sou pwogram òdinatè, epi navige sou Entènèt la.

Yon gwoup ki rele National Action Council for Minorities in Engineering (ou Konsèy Aksyon Nasyonal pou Minorite yo nan domèn Jeni) prepare yon ekspoze sou video kote li di minorite yo pa byen reprezante nan zafè jeni elektwonik Ozetazini.

Si Etazini vle pwodui mendèv nan domèn syans ak teknoloji ki sanble ak sosyete amerikèn nan, nou dwe fòme plis ke 250 mil enjenyè nwa ameriken, ameriken ki gen orijin endyen, latino, nan 10 pwochèn ane yo. Nan 3 dizèn lane ki sot pase yo, sèlman 116 mil enjenyè nan kouch minoritè yo soti nan lekòl jeni Ozetazini. Kesyon kèk ameriken ap poze: èske an tan ke nasyon, nou fè sa nou dwe fè a?

Youn nan rezon ki eksplike reta ameriken ras panyòl yo nan domèn teknoloji se paske anpil pa gen òdinatè lakay yo. Konpayi IBM, International Business Machines, te finanse yon etid ki montre plis ke mwatye fanmi ameriken blan gen yon òdinatè lakay yo tandiske pou ispanofòn yo to a pa depase 30 pousan. IBM patwone Semèn Teknolojik La Familia--- yon kanpay nasyonal pou pwomosyon syans enfòmatik. Cynthia Gonzales se direktris seksyon k’ap vann pwodui pou IBM. Li alatèt yon depatman ki la pou anplwaye moun ki pale panyòl.

Li di, “mwen pa ta renmen yon mond kote kominote panyòl la pa benefisye nan sa nou gen pou n’ ofri Ozetazini. Gen plis jenn panyòl ki abandone lekòl isit. Yon ka nan yo pa fini klas segondè yo e prèske mwatye nan yo pa rive pi lwen ke katriyèm.”

Mouvman sa a ki sou pye nan New York (pou kòmanse) pou devlope afè enfòmatik la nan kominote ki pale panyòl yo, vize non sèlman timoun, men tou paran, paske kilti latino-amerikèn yo bay lafanmi anpil enpòtans.

Timoun tout laj te patisipe nan “foire” teknolojik la, kote yo chwazi ki atelye yo te vle suiv. Pa egzanp, yon atelye sou syans tap ede elèv yo konstwi wobo.

Yo fè elèv jwe wòl wobo tou, pou eksplike sa kap fèt la. Cynthia Gonzalez, Direktris lavant nan IBM nan, di li espere “foire” la va ede ti elèv panyòl yo reyalize ki kantite posiblite yo ka jwenn nan domèn teknoloji enfòmasyon an, kit se nan lojisyèl, nan apui teknik, nan administrasyon rezo, piblikasyon sou òdinatè elatriye.

Madan Gonzalez fè konnen yon lòt objektif pwogram nan se ede anseyan yo pi byen konnen nouvo teknoloji yo tou paske se pa elèv sèlman ki an reta. Gen anpil pwofesè ki pa maton menm nan afè enfòmatik la!

XS
SM
MD
LG