Accessibility links

Breaking News

Chanjman K’ap Opere nan Domèn Enfòmatik la - 2003-07-21


Nou pral konsidere kèk chanjman k’ ap fèt nan zafè enfòmatik e ki favorize plis echanj, plis rapidite, e menm plis pwofi.

An nou pran pa egzanp yon òdinatè pòtatif, yon laptop. Jounen jodi a yo 6 fwa mwen lou pase sa ki te egziste sa gen 20 an, e, tande byen! 720 fwa pi puisan. Pandan laptop yo ap vin pi mens, pi puisan, e pi bon mache, yo vin prezan toupatou. Ralph Bond se yon manadjè anchaj edikasyon konsomatè nan konpayi Intel. Li di konpayi a te sezi wè rezilta yon dènye sondaj nasyonal sou fason ak kote moun sèvi ak òdinatè pòtatif. Li di, “81 pousan moun ki te reponn kesyon nan sondaj la di yo sèvi ak laptop yo pandan y’ ap gade televizyon. 60 pousan sèvi avè l’ sou kabann yo. 54 pousan itilize l’ pandan y’ap manje, e 41 pousan pandan yo nan machin yon moun. Gen yon nèg ki te sèvi ak yon laptop pandan li tap kouri chape anba yon siklòn. Tande sa òdinatè sa a te pèmèt li fè: Avèk yon koneksyon telefòn pòtab, li antre sou Entènèt la, epi, a distans, gras ak pwogram ki nan laptop la, li fèmen yon pui petwòl sou lanmè, pou anpeche yon aksidan terib rive.

Yon lòt espesyalis, J-P Frenza, ki nan marketing, di òdinatè pi rapid e pi bon mache rann ni pi fasil pou ti antrepriz fè konkirans ak gwo yo, gras ak sèvis y’ ap ofri kliyan yo. Pa egzanp, antrepriz imobilyè, kidonk ki nan achte, vann kay, tè, elatriye, kapab ofri kliyan yo yon apèsi sou pwopriyete yo sou Entèrnèt.

J-P Frenza di ata ti krèch ki okipe timoun piti, ti “jardins d’enfants”, kapab transmèt imaj kamera ke paran yo ka wè pandan yo nan biwo yo. Kè yo pi anplas lè yo wè pitit yo ap jwe, byen anfòm.

Yon nèg k’ ap vann otomobil ka di ou: li lè pou w’ chanje luil nan machin ou, donk m’ ap voye yon kourye elektwonik ba ou vandredi apremidi a twazè, m’ ap tou tcheke kat kredi w’ e m’ ap deja prepare plas pou n’ resevwa machin nan pou ou ka nèk vini, chanje luil la, epi soti.

Nan yon liv ki rele “X-Engineering the Corporation” James Champy deklare dènye teknoloji yo kontinye amelyore efikasite antrepriz yo. E, dapre li, lè konpayi yo sèvi ak Entènèt kòm yon zouti kominikasyon yo ka jwenn opinyon founisè yo nan faz kote y’ ap konsevwa yon pwodui, yon bagay ki ap ogmante non sèlman “productivité” men pwofi tou.

75 pousan lajan yon pwodui koute pou yo fabrike li se bagay yo detèmine nan premye faz pwodiksyon an e si kapab gen plis kolaborasyon ant fabrikan an ak founisè e enjenyè k’ ap konsevwa yo, pou yo boukante lide sou ki aspè y’ ap bay pwodui a, gen anpil benefis ki ka fèt nan endistri sa yo paske y’ ap depanse mwens lajan.

Lè, pa egzanp, konpayi Honda te aplike rekòmandasyon ak sijesyon konsesyonè yo sou kòmand vwati ki fabrike sou kòmand, Msye Champy di konpayi a te rive redui plis ke mwatye nan tan ak depans pou pwodiksyon ni. Champy predi pwochen etap la se pral sèvi ak Entènèt la pou fè kliyan yo, yo menm, patisipe nan konsepsyon pwodui yo.

XS
SM
MD
LG