Accessibility links

Breaking News

CARICOM Reyaji Sou Desizyon Washington Ki Koupe Èd Militè 6 Peyi nan Zòn nan - 2003-07-04


Lidè CARICOM yo rive sou dènye jou somè y’ap fè nan Montego Bay, nan peyi Jamayik, depi dimanch 29 jen an. Youn nan tèm yo abòde nan seyans la se desizyon Etazini pran pou li koupe asistans militè li t’ap bay kèk peyi nan CARICOM, paske yo pa reponn egzijans gouvènman Bush la fè, pou sitwayen ameriken pa tonbe anba akizasyon krim-de-gè devan Tribinal Penal Entènasyonal la. Lidè ayisyen an Jean-Bertrand Aristide te reprezante peyi li nan reyinyon CARICOM nan. Chérubin Dorcil ap prezante nou yon repòtaj korespondan nou nan Kingston, Gillian Haughton.

XS
SM
MD
LG