Accessibility links

Breaking News

Cap-Haitien: Pati Kretyen Pou Inyon Ayisyen yo Mande Nouvo Chita-tande pou Rezoud Kriz Ayiti a - 2003-07-02


Yon òganizasyon politik ayisyen lanse yon apèl bay otorite yo pou yo pran o serye avètisman Sekretè deta Colin Powell te lanse nan Asanble Jeneral OEA a, nan Santiago, Chili. Pastè Claude Alcé, ki se lidè Pati Kretyen Pou Inyon Ayisyen yo, kwè OEA ta dwe relanse chita-tande san pèdi tan ant Lavalas ak opozisyon an. Dapre korespondan nou, Yves Mompremier, pati a ta swete wè bonjan efò fèt anvan mwa septanm k’ap vini an pou aplikasyon Rezolisyon 806 ak Rezolisyon 822 OEA sou Ayiti a.

XS
SM
MD
LG