Accessibility links

Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann:Bat Kòk - 2003-07-01


Youn nan passtan prefere anpil pèp nan rejyon Karayib ak Amerik Latinn nan se bat kòk. Sòt Ayiti, pase Sendomeng, tombe Vénézuéla, monte Meksik pou’n ateri nan Eta Texas, nan Floride ou nan Eta Louisiane, Isit Ozetazuni, moun fè elvaj kòk (pa pou yo manje, non) men pou yo bat. An franse, yo rele sa combat de coqs.

Pou’n wè kote kòk ap bat fòk nou deplase ale nan gadjè (gagè)-- yon stad kote amatè yo mennen kòk yo pou ya’l kare yo.

Fanatik ak amatè yo ale nan gadjè (fransè a ta di yo ale nan yon arèn ou nan yon gallodrome) pou ya l assiste fas a fas sa yo---fas a fas vyolan, sanglan. Gen moun ki fè sa pou plezi, gen lòt ki fè sa pou lajan, yo parye kòb, gwo sòm lajan. E depi gen pari, natirèlman moun ap chèche parye sou kòk yo juje ki pi bon an.

Pou amatè ak konesè yo nan peyi dAyiti, pi bon kòk la se kòk kalite. Un coq de qualité... pa vye kòk zenga, non! Ann’Ayiti kòk ki gen reputasyon sa a se kòk panyòl.

Yon fwa m’sonje gen yon amatè kòk ki te di’m lap chèche yon kòk benezwèl pou’l achte. Yon kòk venezuèl, se yon kòk tèt chòv, zanmi mwen yo, ki sòt nan peyi Venezuela men ki pa bay lòt kòk piyay. Amatè yo di, nan pwen kote li pa bat, tankou tout bon kòk dayè! Depi ou lage’l nan won, lap voye zepon e li pa bezwen zapatan (sètadi, fo zepon). Yon ti kòk dèyè manman...devan yon kòk kalite, se Ploum wa’p tounen.

Ploum, nan langaj gadjè a, se tout kòk ki pèdi, ki finn bat ou ki mouri nan batay. Ase souvan, pwopriyetè kòk ki kale a pran ploum nan kòm twofe e fè yon moun nan publik la kado li.

Kidonk, lè nou tande yon moun joure yon lòt ploum, na konnen ki sa’l vle di li. Men sa’m dwe fè’n remake, langaj ak vokabilè gadjè a pase tou nan reyalite lang kreyòl ayisyen an.

Yon jèn gason ki konn koze, ki konn pale ak fi e ki reyisi nan fi... sa a se yon Bon kòk! Yon jèn gason djougan (en français:fringuant), batayè (yon belligérant), nan kreyòl ayisyen an se yon nonm ki vle sèl kòk chante; kòmkidire se li ki kontwole, ki mèt nan katye a tankou yon kòk ki wa nan basskou li.

E puiske depi genyen pozitif, fòk nesesèman gen negatif la tou, nou jwenn ekspresyon kreyòl ki mache ak mo kòk la ki pa bèl ditou-ditou, ki se gwo jouman. Pa ekzanp, yon moun ki manke dan nan bouch li (dan devan) se yon kòk san bèk.

E si ou bezwen yon moun move kou kong, si ou vle manke’l dega se di’l:An’y, chèche ran ou “kòk lakou”! Gade lè kòk lakou a... mwen chèche ou, mwen pa wè ou ! An kreyòl, sa vle di gadyen, jeran lakou. Men li kapab vle di tou gason timid, kazwèl, denèfle... nan sans “se sèl nan lakou lakay ou ou gen fòs”... deyò ou pa pip tabak ! E yon gason kazwèl, nan peyi mwen, pa anyen dòt zanmi mwen yo ke yon kòk pye... fatra!

Se te Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann, yon segman Lavwadlamerik avèk Jacques Jean-Baptiste.

XS
SM
MD
LG