Premye-Minis ayisyen an, Yvon Neptune, enstale yon nouvo direktè “par interim” alatèt Polis Nasyonal la, nan plas Jean-Robert Faveur ki te demisyone 21 Jen pase a e ki twouve l kounye a Ozetazuni. Gouvènman Lavalas la chwazi yon Dwayen Tribunal Pòtoprens, pou fonksyon sa a, e li anonse nominasyon an, malgre konsultasyon li tap fè sou dosye a ak Òganizasyon Eta Ameriken pat ko abouti. Se sa korespondan nou nan Pòtoprens, Rotchild François, Junior, di nou.