Accessibility links

Breaking News

Dosye Ayiti: Analiz ak Kòmantè sou Demisyon Chèf Polis la - 2003-06-30


Semèn 22 jen an te kòmanse nan peyi Dayiti ak yon van bri kouri nouvèl gaye. Direktè Polis Nasyonal la, Jean-Robert Faveur, ki te rive nan pòs sa a nan dat 6 Jen 2003 a te sove kite peyi a akòz sa li rele danje ki tap menase vi li ak fanmi l’. Tousuit, reyaksyon te kòmanse tonbe.

Responsab Nasyonal “par interim” Pati Fanmi Lavalas la, Jonas Petit, rejte deklarasyon msye Faveur ki di li te sibi presyon ak menas pandan 2 semèn li pase nan tèt fòs Polis la. Bò kote pa-l, Depite Kap-Ayisyen an, James Dérozin, ale pi lwen nan kòmantè li yo. Depite Lavalas la di msye Faveur manke konsyans patriyotik e, dapre li, kominote entènasyonal la gen men n’ tranpe nan evènman sa a.

Sepandan, nan sen menm pati Lavalas la, gen pèsonalite ki oze pale piblikman anfavè Jean-Robert Faveur. Se ka Prezidan Komisyon Finans Sena Republik la, Senatè Prince Sonson Pierre, ki kwè pati ki sou pouvwa a dwe pran responsablite l’ pou dènye devlòpman sa yo. Li rejte akizasyon kèk eleman Lavalas lanse pou di chèf polis ki demisyone a te nan konplo kont sekirite leta e li ta menm mele nan zafè dwòg. Senatè Lavalas la deklare ak tout fòs, tout sa msye Faveur di nan lèt demisyon n’ nan se bagay moun ka verifye, e Lavalas pa dwe chache sal non li.

Kanta opozisyon an, li wè dosye sa a tankou yon lòt prèv ki demontre pouvwa a pa dispoze respekte volonte kominote entènasyonal la, ni manman-lwa peyi a.

Nan Ti Koze jodi a, nou analize dosye Polis Ayiti a ak jounalis Clarens Renois. Envite espesyal nou genyen nan pwogram sa a: Jean-Robert Faveur li-menm, ki te pale avèk nou nan kapital federal Lèzetazini an, apre yon seyans Pwojè Ayiti-Demokrasi (Haiti Democracy Project) nan Enstitusyon Brookings, nan apremidi 27 jen 2003 a, epi Mèt Claudy Gassant, Jij nan afè Jean Dominique la, ki te oblije kite peyi Dayiti, apre menas kont lavi li. N’a tande tou kèk otorite nan Pati Lavalas la, nan opozisyon ayisyèn nan e nan Sosyete Sivil la, sou demisyon chèf Polis Nasyonal Ayiti a.

XS
SM
MD
LG