Nan peyi d’Ayiti, anpil bri ap sikule sou depa -- ki sanble definitif -- chèf Inite Sekirite Prezidansyèl la, Oriel Jean ak tout mam fanmi l, pou peyi Kanada. Korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild François Junior fèn’ konnen depa sa a vini nan moman demisyon direktè polis nasyonal la Jean Robert Faveur kontinue ap domine aktualite a ann Ayiti.