Si manm Kabinè ministeryèl la ak responsab Pati Lavalas la denonse demisyon Chèf Polis la e menm lage kèk akizasyon sou do li, msye Faveur jwenn apwi yon gwo pèsonaj nan pati sou pouvwa a, anpalan de Prezidan Komisyon Finans Sena a, Prince Sonson Pierre. Msye Pierre deklare bay laprès ayisyèn li te okouran presyon Jean-Robert Faveur tap subi e tout sa Chèf Polis la di nan lèt demisyon ni an se laverite.