Accessibility links

Breaking News

Iran Bay Larisi Garanti Teheran Pa Gen Plan Devlope Zam Nikleyè - 2003-06-20


Prezidan ris la, Vladimir Poutin, deklare lidè Iranyen an Mohammed Khatami, ba l asirans pèsonèlman ke Teheran pa gen pwojè mete o pwen zam atomik e l prè pou l aksepte enspeksyon Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la nan enstalasyon nikleyè li yo. Msye Poutin di nan yon konvèsasyon li te fè dènyèman nan telefòn avèk prezidan iranyen an, misye Khatami te fè’l konnen Teheran prè pou l pèmèt Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la (AEEA) suiv devlopman ak evolisyon pwogram nikleyè li a. Iran, ki di li pa gen entansyon fabrike zam nikleyè, te toujou rejte jiskela demand Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la te fè pou espesyalis li al enspekte enstalasyon li yo.

XS
SM
MD
LG