Accessibility links

Breaking News

Yon Eksplozyon Touye Omwen 8 Moun Nan Kapital Tchetchèn nan, Grozny - 2003-06-20


Nan peyi Larisi, otorite yo fè konnen yon kamyon chaje ak eksplozif sote tou prè yon biwo leta nan vil Grozny, kapital Repiblik Tchetcheni ki vle pran endepandans li nan men Larisi. Nouvèl depaman tonbe sou kantite moun ki viktim nan eksplozyon sa a --yon eksplozyon ki fè yon twou ki genyen 4 mèt de pwofondè. Premye nouvèl yo te fè konnen kamyon pyeje a ta touye 8 moun pou pi piti e li ta blese pliyzè lòt. Daprè lòt nouvèl ofisyèl, kantite moun ki mouri yo se 8, tandiske ta genyen jiska 36 kretyen vivan ki blese. Youn nan batiman ki tou prè kote eksplozyon an fèt la, genyen ladan n biwo ministè Jistis rejim ke Moskou apiye a. Nan mwa desanm pase a, yon machin pyeye te detwi katye-jeneral gouvènman an nan Grozny e li te touye plis pase 80 moun.

XS
SM
MD
LG