Yon lidè relijye iranyen lanse yon apèl bay aparèy jistis peyi Iran an (ki anba men radikal konsèvatè yo) pou li aji sevèman kont manifestan anti-gouvènmantal k ap kreye twoub depi 10 jou nan Republik Islamik la. Ayatollah Mohammad Yazdi deklare bay fidèl nan Teheran jodiya: se lènmi Bondye ki dèyè manifestasyon anfavè demokrasi yo. Ayatollah a di se yon vyolasyon ki merite lanmò. Lidè relijye a pale konsa malgre gen mwens manifestan ki te pran lari yè swa devan Univèsite Teheran an, ki se sant pwotestasyon yo. Nan 10 jou, lapolis arete plizyè santèn moun nan mouvman leve-kanpe sa a.