Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Di Brezil Jwe Yon Wòl Enpòtan Nan Emisfè Oksidantal la - 2003-06-20


Prezidan Bush rankontre ak prezidan Brezilyen an Luiz Inacio da Silva (alyas:Lula) nan la Mezon Blanch vandredi, pou yo fè diskisyon sou plizyè kesyon. Nan kòmansman rankont la, Msye Bush dekri Brezil tankou yon peyi ki reprezante yon rejyon enpòtan nan emisfè oksidantal la kote ki gen lapè ak pwosperite. Li ajoute relasyon Etazuni ak Brezil se yon relasyon enpòtan e kap grandi. Msye Bush chante lwanj pou efò prezidan da Silva ap fè pou’l ankouraje prosperite e chèche mete fen nan grangou o Brezil. Chita tande vandredi a make premye fwa 2 lidè yo rankontre depi msye da Silva te monte sou pouvwa a o Brezil nan mwad Janvye a. Msye da Silva--premye prezidan lagòch ki elu o Brezil-- pat dakò ak lagè Etazini te dirije nan Irak la.

XS
SM
MD
LG