Accessibility links

Breaking News

Sòlda Ameriken yo Nan Irak Arete Konseye Prive Saddam Hussein nan - 2003-06-18


Lame amerikèn nan fè konnen li arete Abid Hamid, sètadi 4è pèsonalite ki te sou lis 55 otorite ansyen rejim Irakyen an yap chèche yo. Msye Hamid te sekretè prive e konseye lidè dechouke Irak la, Saddam Hussein. Daprè otorite ameriken yo, Abid Hamid kapab an mezu pou l bay kèk enfòmasyon konsènan zam ki ka detwi moun an mas Irak posede. Menm jounen mèkredi a, sekretè defans Etazuni an, Donald Rumsfeld, deklare fòs militè ameriken yo nan Irak elimine kèk eleman ki tap fè rezistans; yo sispèk se eleman sa yo ki responsab seri atak kap fèt kont sòlda ameriken yo. Msye Rumsfeld fè konnen se patizan Saddam Hussein yo ki responsab dènye seri zak vyolans ki detwi lavi plis pase 40 sòlda ameriken nan jou ki sòt pase yo.

XS
SM
MD
LG