Premye minis izrayelyen an, Ariel Sharon, ekate tout posiblite pou Izrayèl fè lapè ak palestinyen yo toutotan Pouvwa Palestinyen an pa mete kontwòl sou gwoup militan ki responsab yon seri atak ki fè anpil mò pami izrayelyen yo. Misye Sharon --ki t ap pale Lendi a devan yon sesyon espesyal palman izrayelyen an, Knesset la-- fè konnen Lame Izrayèl la pral kontinye atake gwoup militan Hamas la jiskaske atak kap fèt sou Izrayèl yo va suspann. Premye minis Sharon pale konsa nan moman negosyasyon sou yon seselfe t ap kontinye nan Gaza ant kèk medyatè ejipsyen ak gwoup militan palestinyen yo. Nouvèl yo pa pale de pwogrè ki ta fèt nan chita-tande sa yo. Sepandan, byen ta nan lendi aprèmidi, premye minis palestinyen an, Mahmoud Habbas, rive nan Gaza kote li pare pou l fè negosyasyon ak plizyè gwoup palestinyen.