Accessibility links

Breaking News

Patizan Ansyen Rejim Saddam nan Kontinye Tann Pyèj pou Sòlda Ameriken yo nan Irak - 2003-06-16


Fòs militè ameriken yo nan peyi Irak fè konnen yo viktim nan kèk anbiskad nan moman sòlda kowalisyon an ap fè fouy nan plizyè vil ak vilaj tou prè Bagdad, kote yap chèche dechouke patizan ansyen rejim Saddam Hussein nan. Daprè Kòmandman Santral Etazini an, asayan yo lanse grenad sou yon konvwa ameriken tou prè vil Al Mushahidad o nò Bagdad yè dimanch la; sepandan, grenad la rate sib li e li t al frape yon otobis ki tap transpòte sivil. Poko gen detay sou bilan viktim yo. Yon pòt pawòl lame Etazini an nan Bagdad fè konnen plizyè sòlda ameriken blese nan atak sa a e nan yon lòt anbiskad lennmi te tann pou yon konvwa lame amerikèn nan tou prè vil Ad Dujayl. Fòs militè ameriken yo lanse yon operasyon ki rive sou 2è jounen li, kote yap chèche elimine moun ki rete fidèl anvè pati Baas la ansanm ak lòt geriyewo ki te lanse yon seri atak kont sòlda ameriken yo, atak ki te fè plizyè mò.

XS
SM
MD
LG