Accessibility links

Breaking News

Izrayèl ak Gwoup Militan Hamas, Youn di Lòt Li pa Alabri Plis Atak - 2003-06-13


Tansyon an ap monte ant Izrayèl ak gwoup Hamas (yon gwoup militan palestinyen), nan moman 2 pati yo deklare okenn nan yo pa alabri tandiske espwa pou yon “aplikasyon“ rapid plan lapè entènasyonal la ap diminye. Otorite izrayelyen yo anonse premye minis Ariel Sharon pase lòd pou lame Eta Ebre a “desitire nèt mouvman Hamas la, paske li pa kwè premye minis palestinyen an, Mahmoud Abbas, kapab mete kontwòl sou militan yo”. Responsab Hamas yo, bò kote pa yo, sèmante yo pral reponn kifkif atak Izrayèl te lanse jedi a e ki touye yon gwo dirijan mouvman an, ansanm ak tout fanmi li. Hamas di “kounye a chak sitwayen izrayelyen se yon sib”. Zak vyolans ki sakaje Izrayèl ak tèritwa palestinyen yo mèkredi e jedi pase, fè 35 mò --pami yo genyen anpil sivil.

XS
SM
MD
LG