Accessibility links

Breaking News

Chèf Diplomasi Amerikèn nan Mande Pou Lidè yo Aji Kont Militan Palestinyen kap Kontrarye Mouvman Lapè a - 2003-06-12


Sekretè d’Eta Ameriken an, Colin Powell, ekzòte lidè nan Pwòch Oryan an pran aksyon kont gwoup militan palestinyen li di kap eseye bloke mouvman lapè a ant Izrayèl ak Palestinyen-yo. Msye Powell te pale nan telefòn jedi ak dirijan peyi Izrayèl, Jòdani, Arabi Saoudit ak Egypt. Seri demach diplomatik sa a rive aprè yon nouvo vag vyolans Hamas deklanche yè mèkredi a; atak ki touye 16 izrayelyen. Aprè atak sa a, Izrayèl te lanse 3 atak nan elikoptè sou vil Gaza. Bilan: 17 palestinyen pèdi lavi yo; pami yo plizyè manm Hamas. Otorite ameriken ki gen misyon supèvize “aplikasyon” plan yo rele “mach a swiv” pou lapè a dwe rive, san delè, nan rejyon an.

XS
SM
MD
LG