Accessibility links

Breaking News

Ozetazini: Prezidan Meksiken an, Felipe Calderon, Plede Anfavè Lwa Sevè Pou Lite Kont Trafik Dwòg La


<!-- IMAGE -->

Prezidan Meksiken an, Felipe Calderon, pran lapawòl jedi 20 me a devan tou 2 chanm Kongrè ameriken an reyini, nan kad pwogram yon vizit ofisyèl lap fè Ozetazini. Pami tèm misye Calderon abòde, genyen politik imigrasyon Lèzetazini ak vyolans ki makònen ak trafik dwòg kap ogmante nan pwòp peyi li.

Sou dosye vyolans la, lidè meksiken an egzòte otorite ameriken yo aplike lwa pi sevè kont moun yo arete ak dwòg ak moun kap itilize zam yo pou komèt krim sou tèritwa meksiken an, paske, daprè rechèch ki fèt, pi fò zam ki sèvi pou komèt krim nan peyi Meksik, se zam ki soti Ozetazini.

Prezidan Calderon di: “si lavant zam sa yo pa chita sou règleman ki korèk, pa gen anyen ki garanti kriminèl ki Etazini, e ki genyen mwayen pou yo mete men sou zam pisan sa yo, pap ulize yo pou lanse defi kont pwòp otorite ameriken yo e lanse defi tou kont populasyon sivil la.

Misye Calderon lanse apèl tou bay manm Kongrè ameriken an pou mande yo pran dispozisyon ki nesesè pou peyi li ak Lèzetazini tounen youn nan pi gwo blòk komèsyal ki egziste sou planèt la.

Lidè meksiken an deklare:mwen envite nou travay avèk peyi Meksik pou nou ranfòse pozisyon blòk Amerik di Nò a kòm rejyon ki pi konpetif nan lemond … Mwen kwè nan sa: ann kreye plis travay pou travayè ameriken yo; ann kreye plis travay pou travayè meksiken yo.

Chèf leta Meksik la, ale nan Kongrè Lèzetazini an, yon jou aprè li te fè chita-tande ak prezidan Barack Obama, aprè yon dine ki te dewoule mèkredi nan La Mezon Blanch. Anvan seremoni kote misye Obama t'ap swete prezidan Calderon labyenveni nan la Mezon Blanch la, li te deklare ke l' konsidere kòlèg meksiken li an kòm yon zanmi, yon asosye, yon patnè.

Nan visit sa a, prezidan Calderon genyen avèk li premyè Dam meksikèn nan, Margarita Zabala de Carderon.

XS
SM
MD
LG