Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama Salye Komemorasyon fèt Drapo Ayisyen an


Prezidan ameriken an, Barack Obama, pibliye madi 19 me a yon deklarasyon espesyal nan okazyon fèt drapo ayisyen an, yè madi 18 me a, kote li di apresyasyon pèsonèl li pou istwa peyi Dayiti.

Misye Obama souliyen patisipasyon zansèt ayisyen yo nan lagè endepandans Etazini an, nan Savannah, Eta Georgie. Reyèlteman, plizyè nan ewo ewo endepandans Ayiti a te goumen bò kote fòs revolisyonè ameriken yo kont twoup britanik yo.

Chèf Mezon Blanch lan site relasyon solid ki makonnen 2 repiblik yo e fè konnen Ayiti ap toujou genyen yon zanmi djanm ki rele Etazini.

NB; Serge Michel ap mete an kreyòl pou nou deklarasyon Prezidan Obama a sou ralonj anwo e adwat paj la

XS
SM
MD
LG