Accessibility links

Breaking News

Selebrasyon 207èm Anivèsè Kreasyon Drapo Ayisyen an


Prezidan René Préval patisipe madi 18 me 2010 la nan sa li rele dènye komemorasyon fèt drapo a antanke prezidan Ayiti. Misye Préval pwofite okazyon sa a pou'l tabli yon paralèl ant dat kreasyon drapo ayisyen an (18 novanm 1803) ke l' konsidere kòm dat fondasyon peyi Dayiti ak dat 12 janvye a--dat li di ki dwe sèvi kòm dat refondasyon peyi a.

Vrèmanvre, 18 Me 1803, nan mitan lagè endepandans lan, chèf nwa rebèl yo nan Sendomeng (Ayiti) nan yon kongrè nan vil Lakayè (Arcahaie) deside kreye yon drapo pou ilistre koz ya'p defann nan: libète pou tout esklav ak fondasyon eta nwa endepandan.

Jou sa a, jeneral anchèf, Jean-Jacques Dessalines ak tout lyetnan li yo (fanm ak gason vanyan ki te bò kote li yo) rache blan ki nan drapo ble, blan, wouj Lafrans lan, e mande Catherine Flon koud ble ak wouj la ansanm pou fòme sa ki tounen etanda ki ta pral flote sou tout chan batay atravè koloni an.

6 mwa apre jès istorik sa a, Lame endijèn nan ranpòte viktwa final la sou twoup franse yo nan Vètyè (Vertières) epi chase fòs lennmi yo nèt sou tè Sendomeng ke yo renonmen Ayiti premye janvye 1804, jou pwoklamasyon endepandans la nan vil Gonayiv (Gonaïves).

18 me 2010 la, inite ki te debouche sou deklarasyon endepandans la pa orandevou, sitou nan moman anpil sektè ann Ayiti ap reklame demisyon prezidan an apre li finn fè Asanble Nasyonal la vote 2 lwa ki bay anpil kè sote nan milye politik ayisyen yo (Lwa Eta Dijans modifye a ak lwa ki pwolonje manda li pou jouk me 2011 si eleksyon pa fèt nan mwa novanm la).

Selon obsèvatè yo, mesaj 18 me misye Préval delivre nan okazyon fèt dapro a nan Lakayè vize kwape tout dout, tout kipwoko ou malantandi moun te kapab ganyen sou entansyon li konsènan avni politik li.

Eske entansyon deklare sa a ap fè'l rejwenn konfyans klas politik nasyonal la? Se yon kesyon ki va jwenn repons li nan jou ak nan mwa kap vini yo. Ann' Atandan, Clarens Renois ap degaje sou ralonj ki anwo e adwat paj wèb la, pwen fò ak sans diskou prezidan ayisyen an, René G. Préval.

NB: Fè klik sou ralonj nou endike nan fen atik la !

XS
SM
MD
LG