Accessibility links

Breaking News

Bank Entè-Ameriken ap Chèche 2 Milya Dola Pou Ede Rebati Lekòl Nan Peyi Dayiti


Yon gwoup entènasyonal ap eseye ranmase 2 milya dola pou ede rebati lekòl yo e

<!-- IMAGE -->

finanse refòm sistèm edikasyon an nan peyi Dayiti.

Bank Entè-ameriken Devlopman an, BID, nan tèt yon plan senkan (5 ans) pou fòme pwofesè ak anseyan, amelyore enstalasyon ak etablisman skolè yo
e adopte yon plan nasyonal edikasyon pou Ayiti.
Plis pase 4.000 lekòl kraze ou sibi dega nan tranblemann'tè 12 janvye 2010 la ki touye plis pase 200.000 moun.
BID di anvan katastwòf la, se sèlman mwatye nan timoun ki gen laj pou ale lekòl ki t'ap frekante yon etablisman skolè atravè peyi a.

Prezidan René Préval anonse plan an samdi pase pandan yon konferans pou laprès li bay ak prezidan Bank Entè-ameriken Devlopman an, Luis Alberto Moreno.

XS
SM
MD
LG