Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Rekonstriksyon Ak Teknoloji


4 mwa apre tranblemann tè ki touye plis pase 200.000 moun e kite apeprè yon milyon lòt san kay 12 janvye ane sa a, efò ap kontinye pou ede peyi a rekanpe sou pye l'.

Kominote entènasyonal la deja pran angajman pou l' ede rebati enfrastrikti peyi a, e lap travay ak gouvènman ayisyen an sou fòmasyon yon komisyon pou jere asistans la pandan 18 mwa.

Otorite yo ap travay pou loje viktim kap viv anba tant pasi-pala nan kapital ayisyen an, Pòtoprens. Òganizasyon non-gouvènmantal yo kontinye ap ede sitwayen yo.

Ayisyen nan dyaspora a patisipe nan ou asiste divès rankont ki fèt pou chache pi bon fason posib pou tabli yon rezo kominikasyon ki kapab pèmèt dirijan yo kominike pi byen ak popilasyon an, si peyi a ta gen pou l fè fas ankò ak yon lòt dezas natirèl.

Plizyè rankont fèt pou konnen ki zouti kominikasyon otorite anplas yo bezwen pou evite pwoblèm yo te konfwonte nan premye moman kataklis la.

Sa pa gen lontan, Fritz Fougy, yon ansyen diplomat ayisyen kap viv nan zòn metropolitèn kapital federal Etazini an, Washington DC, te asiste yon rankont nan Depatman Deta ameriken kote espesyalis kap travay nan domèn kominikasyon te fè deba pou konnen kijan teknoloji modèn yo ka ede nan rekonstriksyon Ayiti sou plan edikasyon ak sèvis.

NB: Sou ralonj ki anwo e adwat paj wèb la, msye Fougy ap di Jean Robert Philippe sa li panse sou rankont sa a.

Espesyalis kominikasyon ki te patisipe nan rankont Depatman Deta a kwè plis yon peyi sèvi e sèvi byen ak mwayen kominikasyon ki kapab touche anpil moun pou ofri sèvis dijans, se plis chans li genyen pou l sove lavi pi plis moun nan premye moman yon katastwòf natirèl.

XS
SM
MD
LG