Accessibility links

Breaking News

Holder: Branch Taliban nan Pakistan Responsab Pou Atak Rate Nouyòk la


<!-- IMAGE -->


Minis justis Etazuni-an, Eric Holder di Lezetazuni gen prèv ki montre ke branch Taliban nan peyi Pakistan te responsab yon atak rate ki te fèt pou fè yon machin eksploze nan Nouyok.

Dimanch, Minis Holder deklare nan Pwogram “This Week “ ki pase sou chèn Televizyon ABC, anketè-yo gen bon jan prèv ki montre Faisal Shahzad, yon sitwayen ameriken ki te pran nesans nan Pakistan, e ki te eseye fè machin-pyeje-a eklate sou plas Times Square-la, nan Manhattan, nan dat premye Mé pase-a, tap aji sou lòd gwoup Taliban-an nan Pakistan.

Msye Holder fini pa di si otorite Pakistanè-yo ap kowopere avek anketè ameriken-yo.

XS
SM
MD
LG