<!-- IMAGE -->
Isit o Zetazuni, prezidan Barack Obama anonse moun li nonmen pou okipe yon plas ki pral vid nan Kou Suprèm nan –pi gwo tribunal nan peyi-a.
Misye Obama chwazi komisè gouvènman Elena Kagan pou pòs-la.
Minis Justis ameriken an, Eric Holder di li panse madam Kagan kapab fè yon gran juj nan Kou Suprèm nan.
Si sena-a ratifye chwa-a, Elena Kagan pral ranplase juj Jean-Paul Stevens kap pran retrèt-li kòm manm gran tribunal-la ki genyen 9 manm; e misye kapab fè sa nan fen sesyon aktyèl-la, swa nan mwa Jen-an pou pi bonè.