<!-- IMAGE -->
Byen bonè maten-an, komisè ekonomik Union Ewòp-la, Olli Rehn, bay yon konferans-pou-laprès kote li rekonèt pwoblèm ki poze pou peyi ki sèvi ak lajan “euro”-a.
“Sitiyasyon sa-a te toujou reprezante yon defi sistematik pou estabilite finansye nan rejyon kote yo utilize euro-a," Misye Rehn deklare. "Se pa yon atak sou yon eta-manm an patikulye, se yon menas pou estabilite finansye rejyon-an e pou Unyon Ewòp-la.
Plan estabilizasyon pou “Euro”-a mache ak yon konbinezyon ki gen ladan n prè bilateral ak garanti pou prè sa-yo.
Objektif-la se anpeche kriz dèt peyi Lagrès-la pwovoke yon tanpèt finansye nan peyi kap konfwonte pwoblèm ekonomik e ki sèvi ak « euro »-a kòm lajan.
Pi fò nan lajan-an (swa preske yon trilyon dola), se va kontribusyon Unyon Ewòp-la, tandiske rès-la ap sòti nan Fon Monetè Entènasyonal.