Peyi Costa-Rica—nan Amerik Santral la—genyen yon fi kòm predizan li, Laura Chinchilla. Se premye dam ki janm monte alatèt peyi santwo-ameriken an antanke premye mandatè. Madan Chinchilla prete sèman nan yon seremoni piblik ki dewoule samdi 8 me a.
Nouvo prezidan an (51 an) te genyen eleksyon prezidansyèl kostariken yo, sa gen twa (3) mwa, avèk yon gwo kantite vwa—swa 47 pousan vòt yo. Li te pwomèt pandan kanpay la pou l' kontinye politik ekonomik mache-lib gouvènman anvan an. Li te pran angajman tou pou'l konbat krim kap vale-teren nan peyi Amerik Santral la.
Yon lòt kote, nan Amerik Di Sid la—pi ekzateman nan Venezuela—yon kou masyal (tribinal militè) venezuelyen kondane pou'l pase 8 tan nan prizon yon ansyen minis defans ki pa janm vire lang nan bouch li pou l' kritike prezidan Hugo Chavez. Jeneral retrete Raul Baduel tap fè fas ak akizasyon "detounman lajan ak abi pouvwa.
<!-- IMAGE -->Televizyon peyi Venezuela anonse tou jeneral Baduel pap ka poze kandidati li pou okenn fonksyon piblik. Avoka akizasyon an yo di plis pase 14 milyon dola (lajan fòs zame venezuelyèn yo) te disparèt pandan Baduel te minis defans peyi a ant ane 2006 ak 2007.
Otorite yo te arete Baduel anba akizasyon koripsyon, sa gen anviwon 1 an. Depi dat la li te fèmen nan yon prizon militè. Ansyen jeneral la ensiste pou di li inosan e li voye jete akizasyon yo kòm akizasyon otorite-yo lage sou do li pou rezon politik