<!-- IMAGE -->Kongrè
ameriken an voye bay prezidan Barack Obamayon lwa komès lib li adopte pou ede ekonomi Ayiti rekanpe sou 2 pye l'
apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Lidè ameriken an dwe siyen dokiman an
anvan pou l' antre anvigè.
Lwa sa a ki pote non Haiti Economic Lift Program Act e ki gen apui repibliken kou demokrat,sou wout pou l' al jwenn prezidan Obama apre sena a finn apwouve l' jedi. Chanm depite a te apwouve l'mèkredi. Haiti Economic Lift Program Act la pra l' ede Ayiti miltipliye pa 3 kantite pwodui tekstil lap ekspòte sou mache ameriken an san peye tarif ladwann (taks ou droits de douane). Sektè abiman an ak sektè tekstil la reprezante yon gwo pousantaj nan ekonomi peyi Dayiti.
Senatè demokrat Max Beaucus di lwa a pra l' amelyore aksè pwodui ayisyen sou mache Lèzétazini e li se apwòch tou 2 kan yo –repibliken ak demokrat--- pou ede Ayiti jwenn yon relèvman dirab.