Sant etud jeolojik Etazuni fè konnen yon tranblemanntè ki mezire 6.4 sou echèl Riktè-a frape yè swa Sud peyi Pewou.
Nouvel yo pa rapote okenn viktim aprè sekous sa-a ki souke zon fwontyé Pewou pataje avek Chili. Sant etud jeyolojik Etazuni-an di episant tranblemann té sa-a te apepré 25 kilomét a lwès vil Tacna nan peyi Pewou.