<!-- IMAGE -->
Otorite nan vil Nashville, Eta Tennessee nan sidès Lezetazini di li ka petèt pran yon lòt jou ankò anvan pou yon flèv ki pase nan mitan vil la ta desann pi ba nivo pou l' ta inonde vil la.
Flèv Cumberland la te monte prèske 16 mèt lendi swa, 4 mèt pi wo ke nivo pou-l debòde a. Se pi wo nivo li janm rive depi ane 1937.
10 moun mouri deja pèdi lavi yo nan Nashville akòz debòdman flèv la. Otorite yo krenn pou pa genyen plis mò toujou kantite lè yo va koumanse rive nan zòn dlo a te izole yo.