Accessibility links

Breaking News

Ajan FBI Arete Yon Sispèk Nan Kad Ankèt Sou Atanta Rate Times Square Samdi Premye Me a


<!-- IMAGE -->

Ajan sekirite federal (FBI) ak detektif lokal yo arete yon sitwayen ameriken ki gen orijin pakistanè yo kwè se chofè veyikil "touteren" boure eksplozif ki mele nan atanta rate Times Square samdi pase a. Arestasyon an fèt pandan sispèk la ta pral' eseye kite peyi a, dapre otorite ameriken yo.

Minis jistis Etazini an, Eric Holder, ak plizyè lòt responsab ameriken, di ajan sèvis ladwan nan ayewopò John F. Kennedy a te idantifye prevni an lendi swa vè minui mwennka (11:45 pm) kòm Faisal Shahzad, e yo te bloke misye anvan l' ta pral' monte abò yon avyon Emira Arab Ini ki ta prale Dubai.

Shahzad se yon sitwayen ameriken pa natiralizasyon e li fenk sòt pase senk (5) mwa Pakistan kote madanm li ap viv, dapre kèk otorite ameriken ki mande pou laprès pa idantifye yo akòz karaktè sansib ankèt la. Shahzad, kounye a, an detansyon nan New-York e moun pa ka pran kontak ak li. Li gen yon adrès nan Eta Connecticut ak yon nimewo telefòn ki pa ansèvis. Anketè yo ap fouye kay misye kounye a.

Ka a, nan moman n'ap ekri atik sa a, nan men komisè gouvènman seksyon sid Depatman Lajistis Manhattan nanki fè konnen Shahzad ka parèt nan tribinal madi 4 me a pou l' tande akizasyon k'ap peze sou tèt li. Sepandan, biwo komisè gouvènman an a pa di ki kalte akizasyon.

Minis jistis Holder deklare "Lèzetazini pap gen kè poze toutotan nou pa trennen tout moun ki responsab (zak sa a) devan lajistis". Yon deklarasyon ki fè kwè genyen lòt sispèk otorite yo ap bouske.

Ajan sekirite yo di Shahzad te achte, sa gen apeprè 3 semèn, veyikil ki te sèvi pou atanta rate a. (yon Nissan Pathfinder touteren, modèl 1993) nan men yon nèg nan Connecticut e li te peye misye lajan nan men.

jbjacque@voanews.com

XS
SM
MD
LG