Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Pwomèt Asistans Gouvènman Federal la Devan Dezas Petwòl Ki Gaye Nan Gòlf Meksik la


<!-- IMAGE -->

Prezidan ameriken an, Barack Obama, fè konnen nap petwòl kap sòti nan yon pi atifisyèl nan Gòlf Meksik la, toupre kòt sid Lèzetazini, se yon gwo dezas pou anviwonmman an, yon dezas moun pat janm wè anvan sa.

Daprè misye Obama, pwoblèm sa kreye pral mande efò kowòdone e san pran souf pou yo rezoud. Lidè ameriken an te abòde dosye sa a pandan li te pran lapawòl dimanch 2 me a nan yon baz gadkòt Lèzetazini nan Eta Lwizyàn, youn nan Eta dezas sa a menase.

"Nap fè fas ak yon kokenn dezas e ki, petèt, pa gen parèy nan listwa" prezidan an deklare. "Petwòl ki kontinye ap sòti nan pi atifisyèl la kapab fè dega grav nan ekonomi ak anviwonnman Eta ki bay sou Gòlf Meksik la e sa kapab dire pandan lontan. Sa kapab mete an danje mwayen plizyè milye Ameriken kap viv nan eta sa yo pou yo fè lavi yo."

Prezidan Obama pwomèt gouvènman an pral mennen yon ankèt total sou dezas la pou konnen kisa ki pwovoke li; men, pou le moman, li ensiste gen travay ki pou fèt.

"Chak Ameriken dezas sa a afekte, dwe konnen yon bagay: gouvènman nou an pral fè tout sa k' nesesè--e toutan sa nesesè--pou l mete yon fen nan kriz sa a," prezidan an deklare.

Dezas sa a parèt nan moman gouvènman Obama a ap fè efò pou l etidye yon estrateji ki ta ka debouche sou endepandans Lèzetazini nan domèn enèji a.

NB:Jacques Jean-Baptiste revize e korije tèks sa a.

jbjacque@voanews.com

XS
SM
MD
LG