Accessibility links

Breaking News

Etazini  Reyafime  Angajman li Pou l Ede Ayiti


<!-- IMAGE -->

Susan E. Rice, Anbasadè Etazini nan Nasyonzini, renouvle mèkredi angajman gouvènman ameriken an nan efò ki sou pye pou rekonstwi peyi Dayiti apre tranblemann'tè 12 janvye a. Madam Rice ki tap pale devan Konsèy Sekirite l'ONU an fè konnen administrasyon amerikèn nan pral fè Ayiti kado 1milya 500 milyon dola pou l finanse rekonstriksyon an e relanse alontèm, (à long-terme) ekonomi ayisyèn nan.

Lèzetazini dakò pou MINSUTAH gen yon lidèchip byen defini nan kad asistans teknik li pral bay Ayiti nan pwosesis elekotral la pou evite diplikasyon. Sètadi, pou evite 2 enstans ou 2 enstitisyon fè menm travay la. Ambasadè a ankouraje òganizasyon rejyonal enpòtan yo (tankou OEA) travay nan tèt kole ak Misyon Estabilizasyon L'ONU an.

Administrasyon amerikèn nan aksepte tou pou reprezantan Sekretè jeneral Nasyonzini nan peyi Dayiti Edmond Mulet, kontinye sipèvize aktivite tout ajans l'ONU yo e li mande pou MINUSTAH bay otorite ayisyèn nan tout sipò yo kapab nan kad asistans imanitè ak pwosesis relèvman peyi karibeyen an.

Madam Rice mande MINUSTAH kontinye travay ak gouvènman anplas la pou pwoteje e bay sinistre yo bon jan ankadreman nan moman li pral eseye al reloje yo lòt kote. Anbasadè Etazini an apiye tou lide pou misyon estabilizasyon an bay polis Nasyonal peyi Dayiti plis ankadreman pou l ka manifeste prezans li nan zòn tranblemann'tè a devaste yo. Diplomat ameriken an reklame plis detay tou sou konpoziyon Fòs Polis Nasyonal la.

Madam Rice mande pou MINUSTAH gen plis polisye espesyalize sou teren an. Nan sans sa a, li di gouvènman ameriken pare pou l bay MINUSTAH 680 polisye, a kondisyon sekretarya Nasyonzini bay detay sou fason li pral itilize polisye sa yo.

Susan Rice ankouraje lòt peyi manm yo kontinye kontribye nan efektif Inite polis MINUSTAH a.

Li mande l'ONU ak Misyon Estabilizasyon an koòdone efò y' ap deplwaye pou bay enstitisyon aysiyèn yo apui lojistik e li renouvle soutyen Lèzetazini anfavè gouvènman aysiyen an. Ambasadè Rice fè konnen peyi li dispoze apre konsidere fè yon ajisteman nan manda MINUSTAH si sa nesesè.

XS
SM
MD
LG