Accessibility links

Breaking News

Militan Nan Nouyòk Pran Lari Pou Manifeste Kont Nouvo Lwa Imigrasyon Eta Arizona


<!-- IMAGE -->


Nan vil Nouyòk, militan kap defann dwa imigran te òganize yon manifestasyon yè madi-a pou yo denonse yon lwa ki pase nan eta Arizona e ki, daprè yo, kapab ouvè pòt-la pou otorite eta sa-a vyole dwa imigran ak lòt moun. Daprè lwa-a –ke palman Arizona-a te vote sa pa gen lontan e ke gouvènè eta-a, Jan Brewer, siyen semèn pase-a-- lapolis gen dwa kenbe nenpot kimoun yo suspèk ki ta nan peyi-a ilegalman pou poze yo kesyon e mande yo dokuman ki montre yo an règ ak imigrasyon.

òganizatè manifestasyon yè-a nan Nouyòk, fè konnen yon lwa konsa kapab ankouraje lapolis pou'l fè diskriminasyon kont imigran epi sa kapab separe manm yon sèl e menm fanmi, si arestasyon yon imigran ilegal debouche sou depòtasyon, jan lwa-a mande sa-a. Sandy Placido se youn nan militan ki te nan tèt manifestasyon-an.

"Nou vin isit-la pou'n denonse yon lwa rasis e diskriminatwa ki pase nan Eta Arizona," madan Placido deklare.

Nan menm kout kat-la, manifestan-yo anonse yo pral nan tribunal pou yo kapab genyen plus enfòmasyon sou yon nouvo pwogram ki rele an anglè “Secure Communities”, sètadi “Komunote ki an Sekurite”, yon pwogram ki kreye yon asosysoyn ant lapolis ak responsab imigrasyon nan Depatman Sekurite Tèritoral-la. Angela Fernandez, ki te nan manifestasyon-an e ki se direktè yon Chapit “Kowalisyon pou Defans Dwa Imigran » genyen nan Nouyok, ap eksplike poukisa manifestan-yo denonse yon asosyasyon konsa.

"Nou konsidere yon antant ant lapolis lokal ak Depatman Sekutite Teritoryal-la, kapab genyen yon efè devastatè sou fanmi nou-yo," madan Fernandez eksplike. "Konsa, sa kap pale la-a nan Arizona, se pa yon sitiyasyon a-pa. Se ekstansyon yon tandans danjere kap devlope depi kèk ane déjà nan peyi sa-a."

Isit Washigton, Minis Sekurite Teritoryal-la, Janet Napolitano, -- ki tap fè depozisyon'n devan kongrè-a yè madi-a -- fè konnen lwa ki pase nan Arizona-a pap antre an vigè pa zavan 90 jou; e delè sa-a pral bay Depatman Justis-la tan ki nesesè pou "otorite lajustis-yo chache konnen si lwa-a pa vyole garanti konstisyonèl ki pwoteje tout moun kap viv o Zetazuni". Dayè, depi yè madi-a, minis justis ameriken-an, Eric Holder, bay yon konferans pou laprès kote li anonse depatman lap dirije-a ap pran tout dispozisyon kont aplikasyon lwa sa–a; li ensiste poul di, Depatman-an dispoze rele otorite Arizona-yo nan tribunal, si sa nesesè.

XS
SM
MD
LG