Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini ap ofri 2 milyon dola pou infòmasyon sou yon dilè dwòg meksiken


<!-- IMAGE -->

Dola ameriken

O Meksik, otorite yo mete men sou yon dilè dwòg nan yon afwontman ki lakòz 3 moun mouri. Responsab yo di yo arete José Gerardo Alvarez Vazquez --ki te gen ti non jwèt “endyen”—mèkredi 21 avril la ozalantou vil Meksiko apre yon lese frape avèk fòs militè yo. Nan menm okazyon an, otorite yo arete 15 lòt moun.

Daprè menm sous la, Alvarez Vazquez, ki gen 45 an, genyen bon jan koneksyon ak katèl dwòg Beltran Leyva ki te gen nan tèt li Arturo Beltran Leyva ki, li menm, te mouri nan yon operasyon militè nan mwa desanm ane pase.

Depatman Deta ameriken ap chache ekstradiksyon Alvarez Vazquez e Lèzetazini ofri yon prim 2 milyon dola pou nenpòt enfòmasyon ki ka debouche sou arestasyon ak kondanasyon'n

XS
SM
MD
LG