Komisyon Ewopeyèn nan kontinye ranfòse kooperasyon l' avèk Ayiti apre tranblemann'tè 12 janvye a. Korespondan nou Rotchild Francois Jr. di komisyè ewopeyen pou devlopman an rive nan kapital ayisyen an vandredi kote lap rankontre prezidan René Préval, premye minis Jean-Max Bellerive ak lòt responsab ayisyen yo. Andris Piebalgs dwe asiste tou inogirasyon twonson wout Port-au-Prince/Mirebalais a ke Inyon ewopeyèn nan te finanse e vizite travay kap fèt pou fini konstriksyon twonson wout Mirebalais/Hinche la.
Pandan vizit sa a, reprezante Inyon Ewopeyèn nan dwe vizite tou de (2) kan kote moun tranblemann'tè a kite sanzabri ap viv depi katastwòf 12 janvye a.
Sou ralonj ki anwo e adwat atik la Rotchild F. Jr. ap eksplike enpòtans vizit sa a pou Ayiti nan pèspektiv reprezantan Komisyon an nan kapital ayisyen an.